Larusi lage pou premye fwà yon misil ipèsonik nan yon depo zàm nan Wès peyi Ikryèn

112
0
Share:
TRiboLAND

03/19/2022

Moskou_____(TRiboLAND) Larusi devwale itilizasyon nouvo modèl misil ipèsonik li pou premye fwa nan kad batay pou arive sible yon depo zàm nan zòn Wès Ikryèn.

Yon parèy deklarasyon fèt nan moman pòtpawòl minis Parekou Larusi a, Majò Jeneral Igor Konashenkov tap bay yon konferans pou laprès jodi samdi 19 mas 2022 a. Selon Majò Jeneral Konashenkov, misil Kinzhal yo arive detwi yon misil souteren ak yon depo munisyon nan rejyon Ivano-Frankivsk nan Ikryèn.

Selon Interfax News Agency nan peyi Larusi, yon parèy fwàp ayeryen manman penmba te fèt yè vandredi a e se premye itilizasyon misil ipèsonik yo depi ke Larusi anvayi peyi Ikryèn nan fen mwa fevriye dènye.

Share: