Otorite PNH yo mete men nan pat kasav Bruno Schneider, yon presume kidnapè sangwen

03/31/2022
Pòtopwens______(TRiboLAND) Enstitisyon kap mete lòd ak sekirite anndan peyi a fè konnen ke yo mete men nan pat kasav Bruno Schneider, jedi ki te 18 mas 2022 a nan komin Kafou pou zak kidnapping.
Daprè otorite PNH yo, yo reproche Bruno dèske la ta sanble patisipe nan kidnape 3 moun. Yo mete lapat sou Bruno nan moman li tap woule yon pickup GMC koulè blan ki rele moun li te kidnape yo chèmèt chè mètrès.






