Rara Jakmèl: tèrib aksidan machin okazyone 6 moun mouri e yon latriye lòt blese

103
0
Share:
TRiboLAND

04-17-2022

Kay Jakmèl____(TRiboLAND) Yon group rara ki pote non ‘Rara Inosan” fè yon aksidan machin ki okazyone 6 moun mouri e yon latriye lòt blese grav samdi swà 16 avril 2022 a nan lokalite “Meyè”, rejyon Kay Jakmèl.

Diferan manm bann “Rara Inosan” an ki te soti nan lokalite “Tikouyay”, te antre nan Jakmèl pou yon anbyans defile. Konsa, kamyon transpòtè a fè yon tèrib aksidan sou Pon Meyè nan moman yo tap retounen lakay.

Bilan pasyèl la fè eta de 6 moun ki mouri san konte yon latriye lòt ki gravman blese e ki nan yon eta deploràb. Yon veritab dràm pou aktivite rara nan Jakmèl nan okazyon weekend sent lan!

Share: