Responsab Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè a nan depatman Nòdwès la distribye manje bay 27 lekòl.

05-18-2022
Pòdpè_____Anviwon 27 lekòl nan depatman Nòdwès la resevwa manje atravè Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè (PNKE) a, pou kontinye ede ti moun yo jwenn yon bagay pou yo manje nan lekòl yo.
Lavi chè kap taye banda nan peyi Dayiti depi kèk tan, lakoz manje vin tounen dyaman. Anpil paran oblije voye ti moun yo lekòl san manje.
Nan objektif pou kontinye ak angajman li ki se ede ti moun yo jwenn yon pla cho prèske chak maten nan lekòl yo, Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè a ki gen nan tèt li madam Djina Guillet Delatour kontinye ap onore angajman ak detèminasyon pou arive asiste yon bon valè ti inosan kap soufri pou yon lasibab.
Nan kad distribisyon sila a, responsab lekòl nasyonal tankou prive ki te prezan pou resevwa manje yo, nan deklarasyon yo, yo felisite direktris la pou kouraj li ak devouman li, ki, malgre tout sa kap di e sikile sou rezo sosyal yo, pa janm dekouraje menm pou yon segond; li kontinye ap travay san rete pou mannyè kore lekòl yo e ede timoun yo jwenn kichòy pou yo manje prèske chak jou.






