Yon lòt pwezime bandi di “ce n’est qu’un au revoir”, apwè gwo boukantaj kout zam ak lapolis nan vil Pòdpè

09-30-2023
Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Nòdwès la fwape yon lòt fwa ankò, aswè samdi 30 septanm 2023 a, nan vil Pòdpè.
Lovensky ensikoni, alyas “kat pòch”, mache pòs li, apre ajan UDMO yo nan site Kapwa Lamò a, te fin blese li mòtèlman nan “Rue Amiral Killick”, ke tout moun konnen sou non “Ri Lopital”, ozanviwon 8 PM aswè , nan kad yon afwontman ak ajan UDMO yo.
Dapwè enfòmasyon sal nouvèl redaksyon TRiboLAND rive rekeyi bò kote otorite polisyè yo, yo ta ka konfime pou nou ke, Lovensky alyas, “kat pòch ” se ta yon chèf gang ki tap opere nan “Ri Lopital, nan katye rezidansyèl nan vil Pòdpè, kote bandi yo toujou ap simen latwoublay.
N ap reple ou, depi prezans nouvo direktè depatmantal polis branch Nòdwès la, msye Clevens Cetoute, lapolis nan Site Kapwa Lamò a, pa nan janm chome nan boske bandi sangwen.






