Yon group ki pou pote non sitwayen angaje andann òganizasyon “Zanmi Devlopman” lanse yon mach pasifik nan vil Pòdpè

08-20-2022
Pòdpè, Ayiti ______ (TRiboLAND) Group sitwayen angaje ki twouve-l anndan òganizasyon “Zanmi Devlopman” ki lokalize nan Latandri, nan vil Pòdpè lanse yon mach pasifik lendi kap 22 dawout 2022 a, a 9è nan maten nan vil Pòdpè. Yon mach kap gen 2 tèt, yon tèt ap soti nan chalè pou desann nan direksyon plas Dam Pòdpè a, lòt tèt la ap soti Twazyèm pou pote boure sou plas Dam nan tou.
Nan Mikwo Fanuance HODNEY, nan Emisyon Divèsite ki fèt sou Radio Excell Inter, Frantzly Baltazar ki se kòdonatè “Zanmi Devlopman” entèvni jounen jedi 18 dawout la pou bay motif mach pasifik sila. Daprè Baltazar, objektif prensipal mach la, se pou voye yon sinyal klè bay gouvènman defakto Ariel Henry a nan kad eksprime mekontantman yo kont: lavi chè a ki pwovoke yon grangou ki pi mal pase asid batri kap koupe trip malere, kriz gaz la kap taye banda depi yon bon bout tan nan peyia, blakawout nan Pòdpè depi plizyè mwa, ensekirite a, ak lide otorite nan pi wo nivo nan Leta ki genyen plan pou vin fèmen pò Pòdpè a. Mach la ap kòmanse a 9è nan maten nan site Kapwa Lamò a.
Jodia, sitiyasyon malouk peyia ap konnen la, konsène tout moun e se plis ke yon obligasyon pou tout sektè pote kole pou vin revandike dwa yo, daprè Mèt Frantzly Baltazar ki tap depoze sou radyo Excell nan vil Pòdpè.






