Prezidan asanble 12ème seksyon kominal Dèfoug, Tigwav, Nosolito Soliman mande ministè Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal peye li 24 mwa lajan travay li.

97
0
Share:
TRiboLAND

12-03-2022

Tigwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Kòdonatè Kazèk 12èm seksyon kominal Dèfoug, Tigwav la, Nosolito Soliman nan yon konferans pou la près jounen samdi 03 desanm 2022 a, mande ministè Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal peye yo 24 mwa lajan travay yo.

Kazèk Nosolito Soliman kritike leta ayisyen, li di ki fè yo travay 24 mwa san yo pa peye yo, alòske yo genyen madanm, pitit pou yo pran swen, voye lekòl mete sou sa yo pa peye sekretè yo, yo pa bay frè pou fonksyonman biwo Kazèk yo pandan yo pran plezi yo ap trete yo an paran pòv.

Yon lòt kote, administratè 12èm seksyon kominal Dèfoug, Tigwav la, Nosolito Soliman mande premye minis defakto Ariel Henry pou respekte promès 1milyon goud li te fè yo nan kad yon chita pale li te genyen avèk yo.

Selon Kazèk Soliman, lajan sa a, ta pral itilize pou fè devlopman nan seksyon kominal yo.

JOICY Arnold

Share: