Absans dlo pòtab, se pi gwo problèm moun kap viv nan lokalite Ti Ginen 11èm seksyon kominal Tigwav ap andire.

12-06-2012
Tigwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Divès sitwayen kap viv nan yon lokalite ki rele Ti Ginen nan 11ème seksyon Ravin Sèch kominal Tigwav, nan yon antrevi ak laprès jounen madi 6 desanm 2022 a, deklare yap andire gwo problèm pou yo jwen dlo pòtab pou yo bwè epi majorite moun nan popilasyon an ap fè bezwen yo bò lanmè.
Abitan yo ki fè konnen, se depi aprè tranbleman de tè 12 janvye 2010 pase a, yap fè fas ak pwoblèm dlo pòtab sila a, malgre entèvansyon yo di,yo fè bò kote otorite kominal yo, anyen pa fèt pou amelyore siyasyon yo.
Nan sans sa a, sitwayen yo lanse apèl bay aktyèl ajan ekzekitif enterimè yo nan meri Tigwav la, yon fason pou entèvni prese-prese pou rezoud problèm sa yo kap toumante yo depi yon bon bout tan. Pou anpil nan rezidan sa yo, tout kondisyon yo deja reyini pou yo trape epidemi kolera a ki deja fè anpil viktim nan divès zòn nan komin nan.
JOICY Arnold






