Senlwidinò : Reprezantan pwogram miltisektoryèl sekirite alimantè ak nitrisyonèl, remèt yon ansanm sètifika bay komite nan 6 seksyon kominal kote pwojè a te egzekite.

12-06-2022
Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Responsab pwojè pou ranfòse sekirite ak nitrisyon alimantè pou popilasyon Nòdwès la remèt yon ansanm sètifika bay komite kap ede travay la avanse nan 6 seksyon kote pwojè a ap egzekite nan depatman Nòdwès la.
Pwojè sila ki anbrase 2 seksyon nan komin Pòdepè, 2 seksyon nan komin Senlwidinò ak 2 seksyon nan komin Ansafolè, jwenn finansman Inyon Ewopeyèn ak Karitas Swis ki te genyen kòm egzekitan Gadèl ak Jiradèl, nan yon dire 42 mwa ki donk janvye 2019 pou rive jyen 2022. Projè a pral antre nan faz final li nan fen nan mwa desanm 2022 a, kote majorite travay yo pa tèmine.
Manm komite kap travay nan seksyon yo remèsi responsab Inyon Ewopeyèn yo ak Karitas Swis pou sèvis yo te bay nan kominote a; yon lòt kote yo swete yo kontinye panse ak depatman an pou lòt seksyon vwazin yo kapab benefisye yon pwogram konsa.
Agwonòm Lamandieu bò kote pa l, fè konen yo remèt sètifika sa yo pou kapab ankouraje volontè yo fè travay yo pi byen pou avansman seksyon yo.
Pierrilien Nicol Colly






