Peyi Kiba mande tout lòt peyi nan Karayib la pou ede Ayiti soti nan nan kriz plizyè tèt la

12-06-2022
Lababad _____(TRiboLAND) Tankou pandan plizyè fwa nan istwa, Ayiti ap soufri e lap fè fas ak yon sitiyasyon ki reyèlman konplèks. “Nan non Kiba kap prone anfavè yon estabilite ak yon apèzman sosyàl nan peyi Dayiti e kap defann dwa pèp li nan trouve yon solisyon pasifik nan dyalòg fas ak yon pakèt defi, nou afiche volonte nou jodia pou kontinye lonje men bay nasyon sè nou”, daprè prezidan kiben an, Miguel Diaz-Canel.
Lidè kominis lan, mande lòt peyi vwazen nan Karayib la pou ede Ayiti soti nan kriz plizyè tèt la, nan moman li tap pran lapawòl nan kòmansman 8èm somè ant kominote karayib la (KARIKOM) avèk Kiba nan Lababad, jodi madi 6 desanm 2022 a.
Nan menm okazyon sila, plizyè peyi patisipan nan KARIKOM entèpele konsyans tout antite ki konsène nan kriz plizyè tèt peyi Dayiti a pou ini tèt yo san pèdi tan sitou nan moman ki pi kritik nan istaw peyi a pou mete yon pwen final nan petren politik sa” daprè yon kominike plizyè òganizasyon rejyional mete deyò.
Pami òganizasyon patisipan sa yo ki konstitye blòk Karaib la ou jwen: Sirinam e Trinidad e Tobago, Monsera, Sen Vensan e Grenadin, Grenad, Guyana, Jamayik, Beliz, Lababad, Sen Kit e Nevis, Bahamas, Ladominik, Antigua e Babida, e Guyana.






