Jounalis kiltirèl : Francklin Tamar mouri krible anba bal bandi sangwen

12-18-2022
Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Près kiltirèl ayisyèn nan pran yon gro kou! Animatè emisyon Konpa Konpa ak Samdi Kilti sou Radyo Solidarite, Francklin Tamar krible anba bal bandi sangwen key o pa arive idantifye, aswè dimanch 18 desanm 2022 a nan Pòtoprens, toupre lakay li.
Enfo kap fè laviwonn dede rezo sosyal yo, ta fè konnen ke se sangwen ki te ame jous nan dan, men ki pa idantifyàb ki ouvè katouch sou animatè chevrone Konpa Konpa a, ki mouri sou plas.
Ke nanm Francklin Tamar repoze nan lapè etènèl e ke li vizite kriminèl yo ki presipite lanmò li e mete fanmiy zanmi nan konstènasyon ak kriye!






