Kòdinasyon fanm rejyon Dèpal òganize yon mach pasik nan okazyon Jounen Nasyonal Fanm Ayisyènn yo.

04-03-2023
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Kòdinasyon fanm rejyon Dèpal (KOFAREP), òganize yon mach pasifik nan vil Tigwav nan okazyon Jounen Nasyonal Fanm Ayisyènn yo lendi 03 avril 2023 a. Nan lide pou denonse tout fòm vyolans kap fèt sou fanm, espesyalman fanm ki nan prizon sivil nan jiridiksyon an epi ankouraje paketye yo pou yo fè swivi dosye medam yo ki nan prizon sivil Tigwav la.
Yon mach ki te demare ozanviwon 10 zè am sou Plas Dam nan, kote yo te pakouri divès ri nan vil la ak wout nasyonal # 2 a. Plizyè pankat nan men yo te make plizyè kalite slogan tankou: aba tout fòm vyolans sou fanm, jistis pou fanm ki nan prizon, pinga pou seten paketye sispann negwosye ak fanmi vyolè, kadejake kriminèl yo nan pran lajan pou libere yo elatriye …

Pandan pakou yo, nan moman yo te rive devan pakè a, yo te delivre yon mesaj bay otorite lajistis yo, espesyalman pou sèten paketye; pou yo sispann negwosye ak fanmi vyolè, kadejake, kriminèl yo nan pran gwo sòm lajan pou libere yo san fanmi viktim yo pa mènm okouran.
Toutfwa, responsab kòdinasyon fanm rejyon Dèpal (KOFAREP) deklare nan sikonstans lan, li pa nòmal pou chak fwa yo oblije ap denonse sèten paketye ki amize yo nan negwosye ak fanmi vyolè, kadejakè, kriminèl yo nan pran lajan pou libere yo san fanmi viktim yo pa menm okouran; pandan yo egzije pou paketye yo fè swivi dosye medam ki nan prizon sivil jiridiksyon Tigwav la.
JOICY Arnold






