Edikasyon: Yon gwoup etidyan nan Lekòl Siperyè Izaak Newton (ESIN) prezante premye travay rechèch metodolojik yo nan vil Pòdpè

88
0
Share:
TRiboLAND

12-26-2022

Pòdepè, Ayiti___(TRiboLAND) Yon gwoup etidyan nan fakilte syans Edikasyon prezante premye travay rechèch metodoloji memwa yo, jodi lendi 26 desanm 2022 a.

Pou reyalize yon parèy rechèch, yon ekspoze asimilasyon òganize an prezans 2 jiris ak plizyè gwoup nan opsyon pedagoji administratif te pase devan asanble a pou prezante tèm ak objektif gwoup la te fè nan kad travay rechèch yo.

Yon inisyativ kap ede jèn chèchè yo jwenn plis agiman pou bay yon travay rechèch pedagojik ki pi efikas,epi ki kapab fasilite yo gen plis matyè nesesè pou kontinye travay rechèch yo .

Mèt Jostèm JOSEPH ak Mèt Destin CINE ankouraje etidyan yo pran travay rechèch avan pwojè yo oserye; konsa, travay yo ap kapab abouti ak anpil siksè. Etidyan 5èm ane pedagoji administrativ yo remèsi pwofesè yo ak jiris yo pou jefò yo fè pou ede yo amonize travay yo.

Pierrilien Nicol Colly

Share: