Jij depè yo nan komin Tigwav nan gwo dikilte pou yo fonksyone.

97
0
Share:
TRiboLAND

12-26-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon konferans pou la près jounen lindi 26 desanm 2022 a. Pratisyen nan zafè dwa nan Tribinal Depè komin Tigwav la, Ary Saint Jean denonse absans materyèl didaktik ak mobilye pou Jij Depè fè travay yo.

Selon pratisyen an zafè dwa nan Tribinal depè a, Ary Saint Jean esplike Tribinal la te vandalize nan monman twoub politik yo atravè peyi Dayiti, espesyalman nan Tigwav. Ary Saint Jean deklare majistra yo vle bay jistisyab jistis, yo vle travay, yo prezan chak jou, sepandan yo pa jwen materyèl pou yo fê travay yo kòm sa dwa.

Toutfwa, Fonde pouvwa Ary Saint Jean, ekzije ministè lajistis ak sekirite piblik pou dote Tribinal la yon seri materyèl tankou: kaye, plim, klasè mekanik, tab, chèz, òdinatè ak biwo yon fason pou fasilite Jij depè yo fè travay yo jan la lwa mande sa.

Nap raple, endividi te mete dife nan divès enstitisyon piblik nan vil la, pami yo Tribinal Depè komin Tigwav la nan dat 14 septanm 2022 pase a. Antretan, pako genyen oken ankèt ki mennen pou rive detèmine vrè koupab yo.

JOICY Arnold

Share: