Tigwav: Lindor Ottelite mande pou aksyon piblik an mouvman kont tout moun entènasyonal la idantifye ki nan move zafè.

01-05-2023
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Ansyen ajan ekzekitif enterimè meri Tigwav la, Lindor Ottelite nan entèvyou ak laprès jounen jedi 05 janvye 2023 a, egzije komisè gouvènman nan tout peyi a, pou mete aksyon piblik an mouvman kon tout move zè ke entènasyonal la idantifye ki nan move zafè nan peyi Dayiti.
Lindor Ottelite rete kwè, menm si an ipokrit, se yon kout men entènasyonal la bay lajistis ayisyèn pou pouswiv pèsonalite Kanada ak Etazini sanksyone pou move zafè. Nan sans sa, li fè konnen la jistis dwe montre li genyen kapasite poul fè travay li, yon fason pou mete sitwayen ayisyen yo an konfyans.
Mèt Lindord deklare, se yon okazyon bab e moustach ki kreye pou peyia kapab dote yon nouvèl klas politik, nan lide pou rekonstwi nasyon an.
Daprè ansyen ajan ekzekitif enterimè a, lidè politik tradisyonèl sa yo ki sanksyone anba pouvwa entènasyonal la, dwe mete kò yo sou kote, akoz yo pap gen lejitimite pou al patisipe nan pwochèn eleksyon yo.
JOICY Arnold






