13 lane aprè tranbleman tè 12 Janvye 2010 la, popilasyon an toujou anba prela dechire ak abri delabre. 

80
0
Share:
TRiboLAND

01-13-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) 12 janvye 2010 – 12 Janvye 2023, sa fè 13 lane depi yon gro tranbleman detè te pase nan yon latriye komin anndan peyi, patikilyèman nan Tigwav. Kote plizyè santèn moun te fè vrèl pou peyi san chapo san konte plizyè milye lòt ki viktim blese.

Nan okazyon an, TRiboLAND media te fè yon vizit nan divès lokalite ki te genyen moun viktim ak domaj mare senti. Konsa, abitan yo ki tap kesyon pou ki rezon 13 lane aprè, yo toujou ap viv anba prela dechire ak abri delabre, kote se rat, sourit, koulèv ak krab areyen kap fè yo esplikasyon.

Sinistre yo ki di leta ak gro mafya entènasyonal pa fè anyen pou amelyore sitiyasyon yo; non sèlman yo pa genyen kote pou yo rete, yon san abri, men ONG Entènasyonal yo pase yo nan farinn e pote retounen tout ti èd ki te destine pou viktim yo.

De ou twa ti kalòj ke ONG yo te arive delivre nan batay, te jwen garanti ke yo tap chanje yo aprè 13 lane; poutan, se and marinad. Jouk kounye la, anyen pa fèt. Mete sou sa, yo pa genyen dlo pòtab pou bwè epi se bò lamè majorite popilasyon an ap fè bezwen yo.

Tiginen, Nan Bannan, Fonfab, Ribenwa Palmis  Kanpe, Fòlibète, Beyatris ak Gaston santre vil, se kèk zòn ki te frape  anba katastwòf 12 janvye 2010 pase a.

Toutfwa, viktim yo ki deklare pa genyen leta, yo pa genyen anyen yap mande. Yo rete kwè se sèl Bondye ki kapab retire yo nan sitiyasyon difisil e ekzekrab yo trouve yo après 13 lane tranbleman tè a.

Nap siyale nan okazyon an, aktyèl swadizan otorite yo, pa mete absoliman anyen anplas  pou te make dat sinik sila a, yon dat ki kontinye ap mete dlo nan je manman ak papa pitit, fanmi ak zanmi atravè peyi Dayiti.

JOICY Arnold

Share: