Pwosesis pou moun kap enskri pou TPS la nan peyi Etazini ap kòmanse jodi jedi 26 janvye 2023 a.

01-25-2023
Wachennton, Etazini___(TRiboLAND) Pwosesis pou moun kap enrejistre nan pwogram Temporary Protected Status (TPS) la ap kòmanse demen jedi 26 janvye 2023 a, dapwè sa Department Homeland Security nan peyi Etazini fè konnen jounen mèkredi 25 janvye 2023 a.
TPS la pral pwolonje pou anviwon 107 mil moun pou yon dire 18 mwa; plis 105 mil lòt moun ki pral gen chans jwenn kalifikasyon yo pou pyès sila.
Nap raple ou, nan 105 mil moun kap gen pou kalifye yo, moun kite rantre nan peyi Tonton Sam nan, aprè 06 novanm 2022 a, pap kalifye pou pwogram TPS la.






