Pou pipiti 3 konpatriyòt ayisyen pèdi lavi yo nan mwens ke yon semen sou fwontyè peyi vwazen.

07 – 07 – 2024
Baladè, Ayiti____(TRiboLAND) Pou pipiti 3 konpatriyòt ayisyen pèdi lavi yo nan move kondisyon nan mwens pase yon semen sou fwontyè peyi Dayiti ak Repiblik Dominikèn.
Dapwè enfòmasyon (GARR) ki se yon Òganizasyon Dwa Moun founi, yonn nan konpatriyòt nou yo ki se yon jenn fanm 23 lane pèdi lavi li anba men gwo zotobre imigrasyon dominiken yo akòz move tretman li jwenn pandan yo te fin arete li. Lòt 2 yo, pèdi lavi yo sou bout tè peyi vwazen toujou swit ak move tretman.
Pou konbat zak apatrid, rasis sa yo, plizyè òganizasyon Dwa Moun leve vwa yo byen wo, pami yo GARR, pou mande ak Leta ayisyen leve nivo sekirite a ak diplomasi ayisyèn nan.






