Anplwaye kap travay nan Pak Endistriyèl Kodevi a pa sispann sibi atak nan men move malfra

91
0
Share:
TRiboLAND

02-14-2023

Wananment, Ayiti _____(TRiboLAND) Endividi pèsòn pa rive idantifye ap teyorize divès anplwaye Pak Endistriyèl Kodevi ,friz yo epi ale ak tout sa yo jwenn sou yo.

Nan zòn Mankèt, jodi madi 14 fevriye a, endividi rale zam sou plizyè travayè ki tap pran chemen pou vinn travay maten an . Endividi sila yo ki pote ale tout sa travayè yo te gen sou yo tankou: telefonn ak plizyè lòt bagay.

Jedi ki te 9 fevriye 2023 a, endividi nan zòn Site Boven te rive fouye yon jèn gason ki te nan wout pou ale travay Kodevi. Yo pran telefònn li ak lajan l te genyen nan pòch li.

Anplwaye kodevi yo ap mande responsab komisarya Wanament, Bio Moncher pou l kapab frennen zak sa yo kap repete nan komin nan yon fason pou sa pa vin pi mal.

Nap raple, gen divès sitwayen ki viktim deja, men ki pa pran okenn chemen pou denonse malfektè yo; pou n site nan zòn tankou avni Kriswa, Mankèt, site Ore, nan zòn Lise a.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Share: