Bandi ame ak zèl sapat k’ap opere nan komin Gresye blese gravman grav yon polisye SWAT.

05 – 28 – 2024
Gresye, Ayiti___(TRiboLAND) Lapolis Nasyonal Dayiti kontinye ap anrejistre move nouvèl nan kan yo. Nan kad yon operasyon Lapolis la mennen jounen lendi 27 me 2024 la, nan komin Gresye, yon ajan Swat blese gravman grav ak yon blende PNH la ki pase anba flanm dife.
Zak malonèt sa a pase nan yon lokalite nan komin Gresye ki pote non” Kolombi” sou wout nasyonal # 2 a, prèske bab pou bab ak lekòl CESRED la.
Enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, te genyen gwo efò ak dilijans pou bay ajan polisye a swen li merite.






