Galon gaz ap vann 850 goud nan ponp Total nan Wananment

92
0
Share:
TRiboLAND

02-16-2023
Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon vizit TRiboLAND fè jounen mèkredi 15 fevriye 2023 a, nou konstate yon galon gaz ap vann 850 goud.

Nan yon ti bat bouch avèk TRiboLAND, yon ponpis ki rele Patrice, pwopriyetè yon ponp, ta pase lòd pou galon gaz vann 850 goud. Konsta yo montre klè kon klewòz ke okenn ponp pa respekte pri leta fikse pou vann gaz la. Kote mèt ponp mete divès bandi pou sekirize ponp yo. Divès mèt ponp prefere vann gaz la nan gwo doum e mete nan depo, yon bagay direksyon depatmantal komès Nòdès entèdi depi kèk tan men ki pa janm jwenn solisyon.

Nap raple depi lè leta fikse galon gaz 570 goud la, popilasyon nan Wanament pa janm wè gaz nan ponp yo, se atè yo achte li 1000goud galon.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Share: