Konpayi S&H Global retounen sou desizyon li te pran pou fèmen modil #3 nan Pak Endistriyèl Karakòl la

02-17-2023
Karakòl, Ayiti ___(TRiboLAND) Aprè li fin analize desizyon pou koupe plis pase 3,000 anplwa nan peyi Dyiti akoz enstabilite k ap taye banda, konpayi S&H Global S.A. anile desizyon sila.
Aprè konpayi S & H. Global te anvizaje pou voye modil 3 ale, ebyen moun kap travay nan modil la tap manifeste kont desizyon sila, kote yo te mache fèmen tout lòt fabrik yo. Konpayi Kore di Sid la, kap evolye nan Pak Endistriyèl Karakòl la, te nan pi gwo difikilte pou l kontinye pwodui. Nan sans sa a, Responsab yo te anvizaje revoke 3,500 anplwaye epi fèmen Modil #3 a nan Pak la.
S&H Global atravè prezidan li, Zadok Min prevwa fè chanjman nan travay la olye li voye yo ale, anplwaye sila yo ap gen pou al travay 3 ou 4 jou nan yon semèn jiska 31 me 2023 kap vini la a.






