“Ijans imanitè”, se kri dezespwà majistra komin Pestèl la, fas tout kalite pwoblèm abitan yo ap fè fas depi kèk mwa.

02-23-2023
Pestèl, Ayiti_____ (TRiboLAND) Absans dlo defason jeneral, lapli ki pa tonbe depi plizyè mwa, secherès ki finn detwi tout sa peyizan yo plante, maladi dyare, kolera, malarya, gratèl sou gran moun kou timoun: se ansanm makònn pwoblèm sa yo kap trakase bil popilasyon an nan komin Pestèl nan Depatman Grandans lan.
Selon sa majistra kominal Pestèl la deklare nan mikro TRiboLAND; sò majorite wout yo vinn pi mal, sitou apwè pasaj gwoudou gwoudou 14 dawou 2021 an, ki fini nèt ak peyizaj Pestel lan kite deja pat twò bon.
Majistra, Marie Eleine Lesperance ale pi lwen pou fè konen fòk konsène yo aji vit e prese, si non ap genyen gro rèl lakay Makorèl.






