Grefye yo tanmen yon grèv nan tout Tribinal ak pakè jiridiksyon peyi a.

03-08-2023
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Prezidan asosyasyon nasyonal grefye ayisyen yo (ANAGH) Mèt Matin Ainé nan yon konferans ak laprès jounen mèkredi 08 mas 2023 a, anonse yon grèv nan tout 18 jiridiksyon peyi a.
Prezidan ANAGH la deklare ke objektif grèv la, se pou egzije leta a, atravè ministè Jistis ak Sekirite Piblik reponn ak yon ansam revandikasyon yo tankou: kat debi, tout avantaj yo bay ak kolaborasyon imedyat yo, pwomosyon e latriye…
A la tèt ANAGH la, denonse egalman diskriminasyon li di yap sibi anba men otorite konpetant yo nan ministè Jistis ak Sekirite Piblik.
Pou mèt Martin, se pa yo mem ki ta renmen fè grèv, se leta ayisyen ki mete yo nan yon kondisyon pou deklanche grèv nan tout tribinal ak pakè yo nan tout jiridiksyon ki genyen nan peyi a, menm si li rekonèt grèv la ap genyen gwo konsekans sou popilasyon keseral epi jistifyab yo.
Toutfwa, prezidan asosyasyon nasyonal grefye ayisyen yo, lanse apèl bay tout grefye atravè peyi a pou solidè avèk grèv la.
JOICY Arnold






