Majistra komin Mowon an denonse malvèzasyon kap fèt nan lajan pwojè leta yo nan komin lan.

03-19 -2023
Mowon, Ayiti____(TRiboLAND) Majistra komin mowon an, agronòm Getro Noëlsaint ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, denonse ak tout fòs li ansyen député komin Mowon an Sorel Jacinthe kise alafwa ansyen senatè Grandans lan.
Pou agronòm nan, se konplisite enjenyè Noëlsaint, ki se PDG firm Noëlsaint Konstriksyon ki ta sanble fè chimen kochi ak lajan pou konstri yon konplex ki pou loje biwo leta tankou Lameri, ONI, DGI, ak divès lòt biwo leta yo pou komin Mowon.

Toujou daprè Getro, Sorel Jacinthe ta sanble li fè dap piyanp sou lajan plas piblik la egalman. pa bliye lajan plas piblik lan, alòske Lameri pa genyen oken kontròl sou yon seri projè ke moun wè ki senpleman kanpe.
Nan sans sa a majistra a jije enpotan pou ULCC, ak Lakou Siperyè Dèkont mennen bonjan ankèt grese sere, sou keksyon pwojè komin Mowon yo ki ta sanble pase nan gagotaj.






