K-navao Valmond nan tèt kole ak estaf li distribye divès kit alimantè ak ijyenik nan prizon sivil Pòdpè a.

K-navao Valmond, nan tèt kole ak estaf “Nap valorize valè yo”. distribye kichòch bay prizonye yo nan prizon sivil Pòdpè a, jounen madi 04 Avril 2023 a.
04-04-23
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) K-navao Valmond, san pou san ti moun Pòdpè, nan tèt kole ak estaf li ki pote non “Nap valorize valè yo” te rann yo nan prizon sivil Pòdpè a, kote yo rive distribye anviwon 600 kit ijyenik san konte yon sipò pla cho ke yo bay chak grenn prizonye.

Kit alimantè sa yo genyen tout kalite eleman tankou : medikaman, kòlgat, bwòs, dewodoran, savon, papye ijyenik, kotèks pou medam yo, poun site sa yo sèlman.
Pou K-navao Valmond ak tout estaf li, tout moun gen valè; li enpòtan pou tout moun kontinye valorize valè yo.






