Kèk abitan nan komin Lèziwa mete dòmi nan je yon bandi.

91
0
Share:
TRiboLAND

04-18-2023

Lèziwa, Ayiti____(TRiboLAND) Louis Jean Renaud, alyas “Pa Pèchay”, se yon residivis ayisyen ki tap viv nan repiblik dominikèn, men ki se nèg lèziwa apwè l finn patisipe nan lanmò 2 dominiken nan peyi panyòl la.

Selon enfo ki ta sanble ki jistifyàb, “Pa Pèchay”, ta pran yon gwo mago lajan e kouri rantre nan peyi’l, kouri pou vinn bolozo e pran plezi ak lajan’l.

Kèk abitan te enfòme ke se Louis Jean Renaud ki te arive komèt krim yo lakay vwazen; konsa, yon group peyzan oganize yon tirayè e yo arive pase prezime kriminèl la alenfinitif.

Dapwè sa group peyizan sila yo ki mete domi nan je asasen 2 dominiken an deklare nan mikwo TRiboLAND, yo trase yon ekzanp konsa, se jis pou montre koman yo menm ayisyen konsekan, pa pran plezi ni dakò nan fason pèp dominiken an konn ap maltrete konpatwiyòt ayisyen ki vinn chache lavi miyò kay vwazen.

Share: