Nenpòt ti souke kò lanmè a fè, tèt tout moun Ansafolè cho

04-16-2023
Ansafolè, Ayiti ____(TRiboLAND) Youn nan pwoblèm majè moun Ansafolè ap fè fas, se lanmè a, anpil fwa ki anvayi yo. Nenpòt ti souke kò lanmè a fè, tèt tout moun cho, ke sila yo ki pre ou sa yo ki lwen.
Pwoblèm lanmè kap ravaje chak jou ki jou espas kotyè Senlwidinò pou rive Ansafolè, pa date jodia, e sa te sisite Depite Louis Mary vini ak yon pwojè pou ede moun nan komin nan fè fas ak pwoblèm sila. Malerezman, anyen pa janm fèt!

2 ri deja prèske fin pèdi avèk konplisite lanmè a ki, ap manje litoral la ak raj; ri Dikap ak Ri Bodmè prèske pa egziste ankò. Ansafolè twouve-l nan mitan lanmè, rivye ak letan. Yon sitiyasyon ki bay moun yo gwo kè sere paske anpil fwa lanmè a pa menm an boulvès, li konn vle fè dega, alewè pou ta gen yon katastwòf natirèl.
“Bare lanmè”, se pwojè ki lanse depi yon bon tan, men ki pa janm abouti. Baraj lanmè Ansafolè a, se youn nan pi gran bezwen kominote a nan moman aktyèl. San pa sa, pita ap pi tris!






