Direktè administratif “Haitian Health Fondation” (HHF) nan Jeremi denonse yon rezo nan jiridiksyon Jeremi an ki ta vòlè tè yon misyon.

.05- 23- 2023
Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Direktè administratif Haitian Health Fondation (HHF) nan Jeremi, mesye Poudel Schansy akonpaye met Rosny Saint Louis, denonse yon rezo nan jiridiksyon Jeremi ki genyen moun nan lajistis ki mete ansanm ak apantè, notè pou fè wout kwochi ak lajan tè ke Misyon Amerikènn Byenfezans nan Jeremi (HHF) ap ede nan domèn lojman sosyal, sante, nitrisyon ,enfwastrikti, elevaj pou’n site sa yo sèlman.
Pou Direktè Poudel Schansy ak avoka Rosny Saint Louis, fòk lajistis fwa sa jwe patisyon pa li nan Jeremi epi degaje’l kou mèt janjak pou fè limyè sou dosye sila, e answit pini tout koupab yo ki enplike nan detounen lajan ak tè misyon an.
Depi plis pase 20 lane, misyon an pran desizyon pou ede moun ki pi fèb yo nan Grandans, patikilyèman nan Jeremi. Ki donk, konsène yo mande minis Jistis lan ak PM Doktè Ariel Henry, jete yon kout je nan yon parèy dosye.






