Sòti nan dat 1 jwen kap vini la, pou rive 30 septanm, anviwon 17 siklòn gen posiblite pou fwape zòn Atlantik Nò a.

77
0
Share:
TRiboLAND

06-01-2023

12 oubyen 17, se kantite tanpèt oubyen ouragan kap gen pou fwape zòn Atlantik Nò a ,pandan sezon siklonik lan, pou ane 2023 a.

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pote non, National Office of Oceanic and Atmospheric Administration (NOAA), yon branch ki regle zafè dlo nan peyi Etazini, anonse jounen madi 30 me 2023 a, anviwon 12 a 17 tanpèt gen posibite pou fwape zòn Atlantik Nò a, pandan sezon siklonik lan.

Siklòn kap gen pou pase yo se:

Cindy, Idalia, Harold, Katia, José, Bret, Margot, Don, Emily, Franklin, Gert, Lee, Ophélie, Nigel, Cindy, Philippe, Rina, Sean, Tammt, Vince ak Arlene.

NOAA, nan travay syantifik yo, prevwa majorite siklòn sa yo kapab pase ak anpil gwo van, sa ki kapab lakòz anviwon 9 nan yo kapab devni ouragan.

Li enpòtan pou konnen, sezon siklònik lan nan peyi Dayiti, se yon peryòd ki mete dlo nan zye anpil fanmiy akòz pwoblèm ibanizasyon ki poze atravè tout 10 depatman jewografik peyi Dayiti.

Share: