58 polisye pèdi lavi yo nan yon entèval yon lane, dapwè bilan rapò ofisyèl, yon òganizasyon kap defann Dwa Moun.

Pou pipiti 58 polisye fè vwèl pou peyi san chapo, pami yo 29 tonbe sèlman sòti nan mwa janvye pou rive nan mwa jen, se bilan rapò ofisyèl Rezo Nasyonal kap Defann Dwa Moun (RNDDH) nan peyi Dayiti.
06-13-2023
Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad yon rapò ki sòti bab pou bab ak selebrasyon 28è ane Polis Nasyonal Dayiti a, jounen lendi 12 jjen 2023 a, lidè òganizasyon RNDDH la, Pierre Espérance, rann piblik bilan rapò sou kantite polisye ki tonbe yo nan anviwon yon lane.
Pou chèf òganizasyon an, pou pipiti 58 polisye tonbe nan yon entèval yon lane, pami yo 29 sèlman nan mwa janvye, pou rive nan mwa jen 2023 a.
Detèmine pou pwoteje vi ak byen pèp ayisyen an, polisye yo sèmante sèt fwa swasant disèt fwa, yo pap fè bak e yo pap bay bandi yo legen, nan batay yap mennen kont ensekirite jeneralize a.






