Pòdepè : rate gaz la pa sispann fè pale de li malgre genyen nan ponp yo

99
0
Share:
TRiboLAND

Pòdepè__(TRiboLAND) Ratman gaz la nan Pòdpè pa sispann fè pale de li, malgre genyen nan plizyè ponp. Chofè ak pwopriyetè veyikil yo nan Nòdwès di yo pa konnen ki sen pou yo rele pou voye pitit yo lekòl e ke yo kontinye ap bat niy anven nan ponp gazolenn yon fason pou yo jwenn yon ti konn gout gaz lajounen,

Chofè yo ki bay leta defi pou ta mete yon diplis sou gaz la, pwekonize pwal gen anpil tèt chaje. Konsa, yo sigjere aske Mouche Leta ta dwe pito rele chalbarik dèyè kriminèl mal entansyone ki pa sispann fè rakèt ak mache nwa kote ke yon gallon gazolenn ap vann atè soti $250 pou rive $300.

Konsa, achte ti gout gaz nan yon ponp nan Site Kapwa Lamò-a, se yon match bòks ki mande anpil ponyèt.

Saint Jean Wiskis, TRiboLAND

Share:

Leave a reply