Nouvo komisè gouvènman Kap-Ayisyen an, nan tèt kole ak lapolis rive fè yon gwo kout filè jounen jedi 13 jiyè 2023 a.

102
0
Share:
TRiboLAND

Yon bandi arive vire do bay planèt la, yon zam sezi, plizyè manman baz jwen arestasyon yo, se bilan premyè jounen travay teren komisè Durant Charles Édouard, nan tèt pakè Kap-Ayisyen an.

07-13-2023

Kap-ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) Nouvo komisè gouvènman pakè Kap-Ayisyen an, ta sanble pa vin nan tete lang ak bandi yo sangwen. Nan kad yon premyè jounen travay teren, chèf pakè Okap la reyalize, Mèt Durant Charles Édouard, jounen jedi 13 jiyè 2023 a, nan konplisite ak lapolis, yo arive mete dòmi nan zye yon bandi, yon zam sezi ak plizyè fanm bandi yo, mare kou krab..

Enfòmasyon ke nou rive rekeyi sou kondwit ansyen chèf pakè Grann Rivyè Dinò a, ta fè kwè, li pat janm nan tete lang ak bandi sangwen; sa ki lakòz gouvènman defakto Ariel Henri a, voye l vin mete lòd nan dezòd.

Pwomèt lap pasifye vil la nan yon titan tou kout, orijinè vil Kap-Ayisyen an, Mèt Durant Charles Édouard, bay garanti ke majorite bandi yo pral kraze rak.

Share: