Tribinal premyè enstans Pòdpè a, tanmen depi nan kòmansman sèmen nan, yon latriye odyans koreksyonèl.

101
0
Share:
TRiboLAND

Prewokipasyon nou nan moman an, se òganize odyans koreksyonèl chak jou nan tribinal la, se deklarasyon chèf pakè Pòdpè a, Mèt Félix Applys.

07-13-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon vizit founi je gade, korespondan TRiboLAND yo te rann nan tribinal premyè enstans Pòdpè a, jounen jedi 13 jiyè 2023 a, nou remake genyen plizyè odyans ki rann tribinal la rete vivan.

Poze kesyon pou konnen, kisa kap pase nan nan tribinal premyè enstans ak pakè Pòdpè a, komisè gouvènman an reponn “prewokipasyon nou se wè nou debleye prizon sivil Pòdpè a”, nan lide pou nou goumen kont fenomèn detansyon prevantiv prolonje a.

Pou chèf pakè a, plis pase yon dizèn dosye deja pase tribinal la; yo konte pedale chak jou ki jou, jiskaske yo libere moun ki merite libere epi kondane moun ki merite kondane.

Share: