Atis Nòdwès pou pwòpte (ANPP), lanse yon kanpay pou netwaye site Kapwa Lamò a.

98
0
Share:
TRiboLAND

Lansman kanpay pou netwayaj vil Pòdpè, se yon inisyativ ANPP, ki vize mobilize tout fòs li demen jedi kap 20 jiyè kap vini la a, sou plas Dam Pòdpè a.

07-18-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan sousi pou retire vil Pòdpè nan salte, atis Nòdwès pou pwòpte, lanse yon kanpay netwayaj kap gen pou demare nan dat jedi 20 jiyè 2023 a, vè 6è byen bone nan maten.

Nan sans sa a, atis yo kase randevou ak tout moun k’ap viv nan vil la, ki ta vle wè yon lòt imaj pou site Kapwa Lamò a, ki se youn nan vil ta sanble ki pi sal atravè peyi a. ANPP, mande tout say o ki genyen kè nan men pou komin Pòdpè, pote kole.

Pou netwayaj la ale pi vit, e pi rapid, ANPP envite chak moun k’ap prezan nan lansman an, mache ak kèk materyèl tankou : pèl, bourèt, pikwa, mask, gan, rato, poun site sa yo sèlman. Fòk nou vann yon lòt imaj pou vil Pòdpè!

Share: