Gouvènman retire yon yota sou pwi pwodwi petwolye yo, ke moun estime ki plis ke yon rizib

07-18-2023
Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon avi ki pote siyati Minis finans ak komès la, Patrick Boisvert ak Ricardin St Jean, Leta retire yon pwèlyèm sou pri pwodwi petrolye yo. Gazolin 560 goud, dizèl 615 goud, kewozèn 615 goud; nouvo pri sa yo ap antre anvigè apati 20 jiyè kap vini la.
Nap raple, gouvènman PHTK Ariel Henry a, fè ti je chèch sa, se swit ak pwi kabiran ki desann ra gagann sou mache entènasyonal la.
Malgre pase men sila, divès sitwayen nan site Kapwa Lamò a pa ekspwime oken satisfaksyon. An reyalite, yon plis wè se yon aksyon rizib, ki pa fè oken diferans. Pou Jhon Kelly, ki se yon chofè taksi, gouvènman eskanmòtè a, pa itil peyia absoliman anyen.
Malgre yo te pran dispozisyon monte gaz la nan yon pri pete fyèl, pri yo pat janm respekte nan majorite ponp nan peyia. Pou chofè moto a, sitiyasyon an pi mal nan depatman Nòdwès la, paske pa gen otorite ki asime responsablite yo; e se mafya ki sèl kòk chante.
Li pa met dlo nan bouch pou pase pran PM defakto a, Ariel Henry ki pa itil peyia anyen e ki kontinye efondre popilasyon an nan lamizè nwa, pandan lap batay pou kenbe pouvwa.






