Sendika transpò yo pa satisfè ak desizyon Leta pran pou retire yon pwèlyèm 10 goud sèlman sou pri gaz la.

88
0
Share:
TRiboLAND

07-18-2023

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou Laprès, sendika transpò yo bay jodi madi 18 jiyè 2023 a, yo voye jete desizyon Leta pran pou retire 10 goud sèlman sou pri pwodwi petrolye yo.

Konsa, responsab sendika yo, bay otorite kriminèl yo 3 jou pou bese pri gaz la. Lè pri gaz la desann ak yon rotè 40% sou mache entènasyonal la, li dwe desann menmjan sou mache nasyonal la. Se la lwa ki prevwa sa daprè dekrè lwa 9 mas 1995 lan, ki di, lè barik petwòl la desann a 5% sou mache entènasyonal la, li dwe desann a 5% sou mache nasyonal la.

Jounen jodi a, gaz la desann a 40% sou mache entènasyonal la, pou kriminèl yo nan gouvènman gang lan genyen kè pou retire sèlman 10 goud sou tèt li, sou mache nasyonal la. Malgre majorite gouvènman ki pase yo pa janm respekte dekrè sila, men jounen jodia fas ak sitiyasyon malouk peyia ap konnen, mesye sendika yo mande tout peyia leve kanpe pou fòse gouvènman PHTK desann gaz la.

Ti grabday sa otorite yo retire sou gaz la, pa absoliman reprezante anyen nan mizè nwa kap wonje popilasyon an. Kabiran se yon pwodwi transvèsal, lè li moute, li afekte tout lòt bagay; men lè li desann tou, se ap amelyorasyon pou popilasyon an. Mesye sendika yo mande otorite yo rezoud pwoblèm : Matisan, Kanaran, Mòn Kabwit ak Malpas la, pou moun ka sikile nan peyia, paske transpòtè yo about.

Mesye sendika yo fini pou di, pri Leta fikse yo pap janm respeke, paske lè yon moun gen yon trelè gaz li depanse plizyè milyon bay bandi pou pase, li pap janm ka vann gaz la nan pri Leta fikse a. Leta gen responsablite pou rezoud pwoblèm ensekirite a nan peyia.

Share: