Endividi pèsòn pa rive idantifye ak gwo zam nan men yo, kidnape yon jèn fanm lakay li, nan komin Kwadèboukè.

Frantzcesca Bastien, se non yon jèn fanm bandi kidnape lakay li, byen bonè jounen samdi 22 jiyè a na Kwadèboukè.
07-22-2023
Kwadèboukè, Ayiti_____(TRiboLAND) Fenomèn ensekirite a nan depatman Lwès la, kontinye ap vale teren depi aprè bès mouvman “Bwa Kale”a.
Byen bonè jounen samdi 22 jiyè 2023 a, bandi sangwen ak gwo zam fann fwa ke pèsòn pa rive idantifye, rante lakay Frantzcesca Bastien, nan Lilavwa 38b, nan zòn Bon Repos; epi kidnape li devan tout manm fanmiy li.
Pou moman nap pale la, fanmiy ak zanmi Frantzcesca Bastien, pa konnen ki sen pou yo rele, tèlman zak malonèt sa a, boulvèse yo, e lage yo nan yon lamantasyon san parèy.






