Mouvman “Fanm Pòdpè An Aksyon”, lanse ofisyèlman mouvman fanm yo, an gran panpan, sou plas Dam Pòdpè a.

Anviwon 120 fanm deja reponn prezan sou plas Dam Pòdpè a, pou lanse ofisyèlman mouvman ” Fanm Pòdpè An Aksyon” an.
07-28-2023
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Jan sa te prevwa pou jounen vandredi 28 jiyè 2023 a, nan prezans divès otorite nan depatman Nòdwès la, kòdonatris mouvman “Fanm Pòdpè An Aksyon” an, Charles Paulette, lanse ofisyèlman mouvman “Fanm Pòdpè An aksyon” sou plas Dam Pòdpè a.

Nan sans sa a, yon gwo seremoni ta pral dewoule, kote plis pase 120 fanm ta pral reponn prezan nan gwo sòlòkòtò sila, ki genyen pou objektif, chanje eskanp figi vil Pòdpè ki defigire nan salte ak malsite, dapwè kòdonatris fanm yo.






