Ratman gaz la nan Jeremi genyen gro enpak negatif sou fonksyonman sosyete a.

115
0
Share:
TRiboLAND

07- 28-2023

Jeremi, Ayiti-( TRiboLAND) Depi aprè gouvenman Ariel Henry an, finn anonse pri kabiran ap revize ala bès, san konsyans yo nan Jeremi ki ap vann gaz nan galon, pran desizyon pwograme yon ratman, ki deja genyen gro konsekans sou anviwoman sosyal ak ekonomik lan.

Galon gazolinn ki tap vann 675 goud, nan komansman semèn lan, deja ap vann 1000 goud, e li pa ditou fasil pou manm popilasyon an jwenn li achete.

Kous moto a nan mitan vil Jeremi, kite 100 goud, deja kandale moute jiska 150 goud, e majorite moun ki genyen abitid pran taksi moto, oblije mache anpil kilomèt a pye. Yo mande otorite sangwen kap radotè ak gagotè, pou yo di yon mo anfavè malere 2 bwa balanse yo.

Share: