Pawas Sen Wòk selebwe 30 lane egzistans li nan Gwos Wòch an gran panpan

08-18-2023
Valyè, Ayiti _____(TRiboLAND) «Nan okazyon 30 lane anivèsè sa a, Sen Wòk ede’m lapriyè pou gen plis angajman nan evanjelizasyon ak konstriksyon pawas nou an», se anba tèm sa, pawas Sen Wòk nan Gwos Wòch selebre 30 lane depi li te leve nan ran pawas yo jounen 17 dawout 2023 a.
Nan gran jou selebwasyon fèt patwonal la, Evèk dyosèz Fòlibète a Monsenyè Quesnel Alphonse ak plis pase 30 pè ak 3 dyak ak relijyez e seminaris te rasanble nan kominote a pou selebre fèt Sen Wòk. Anpil pitit kanton an te reponn pwezan; san konte pèleren ki te soti lòt kote pou te vin fete an gran panpan.
Monsenyè Quesnel Alphonse nan omeli sikonstans lan, te ensiste sou yon mo ki se FIDELITE. Li mande tout moun pou yo fidèl nan tout sa yap fè. Fidelite nan misyon Granmèt la konfye nou, fidelite nan legliz la, fidelite nan koral yo, e finalman fidelite nan angajman chak moun pran nan lavi yo.
Kire pawas la, Reveran Pè Marcel Mukuna Mbuyi te voye yon chay remèsiman bay tout moun ki te jwe yon wòl patikilye nan kad selebwasyon 30 lane ekzistans pawas Gwos Wòch, nan komin Valyè.
Nap raple, pawas Sen Wòk te kreye lane 1993, sou lobedyans Monsenyè Hubert Constant.






