Entèvansyon janm tranble PNH nan Kafou Fèy: 4 kidnap`e sangwen mouri

116
0
Share:
TRiboLAND

07 – 11 – 2024

Nan objektif pou eradike zak kriminèl yo ki pa sispann bay laterè nan kapital Pòtopwens lan, Lapolis nasyonal Dayiti arive mete do 4 prezime kidnapè atè, maten mèkredi 10 jen 2024 la.

Eskanmòtè yo ki te abò yo machinn byen ame, tap trese lèl pou chape poul yo; konsa, yo ta pral jwenn ak zo grann yo lòske yon group polisye ki te an anbuskad bò legliz Sen Jera a neutralize yo nan boukantaj kout zam.

Kat bandi ou prezime kidnapè yo tonbe, alòske popilasyon an pat pran tan pou mete dife sou kadav y oak tout machinn prezime kidnapè yo. Nap raple, malgre prezans swa dizan fòs miltinasyonal yo, zak kidnapping ak ensekirite jeneralize pa sispann defye dilatwà ak promès po pistach kominote entènasyonal la ki rete kwè mèyè mwayen estratejik, se kontinye would Ayiti nan farinn, jan sa te toujou ye bò kote peyi zanmi kansè kap fini ak Ayiti depi plizyè syèk.

Share: