Fèt patwonal Sen Lwi, nan Jeremi: EDH pa sispann vann blackout

103
0
Share:
TRiboLAND

08 – 24 – 2023

Jeremi, Ayiti- ( TRiboLAND) Yon lòt fwa ankò, fèt patwonal Sen Lwi nan Jeremi pase anba je EDH ki pa sispann vann blackout nan vil Jeremi depi plis pase 2 lane.

Konsa, nan okazyon fèt patwonal la, tout aktivite kiltirèl, komèsyal, atizanal, relijyez yo, dewoule nan blackout jeneral.

Selon temwayaj, kèk pèlerin ak meloman, ki aktyèlman prezan nan Jeremi, pou selebwasyon jounen 24, 25 dawout 2023 a, kalifye initil otorite yok e yo estime ki se yon ekip voryen kap efondre e kokoratize peyi.

 Nap raple, vil Jeremi genyen plis pase 2 lane ap fonksyon san elektrisite anba je vwayou kap badijonnen peyi.

Share: