Fidèl legliz katolik yo nan Dam Mari fete Sen patwòn yo “Notre Dame de la Nativité”

Fidèl legliz katolik yo nan Dam Mari fete Sen patwòn yo “Notre Dame de la Nativité “
09 – 09 – 2023
Dam Mari, Ayiti- ( TRiboLAND) An prezans plizyè santènn fidèl legliz katolik, pèlerin, meloman, ki soti atravè diferan komin depatman Grandans lan, Dam Mari fete Sen patwòn li, san gro ensidan majè.
Nan romeli sikonstans lan, chèf legliz katolik la, pou depatman Grandans lan, Joseph Gontran Decoste, ankouraj pèp Bondye a, pou pwan destin yo oserye.
Li mande yo pou pwiye ak tout fèmte; konsa, gras ak delivwans yo pap twò lwen pou ateri.






