Aktivite gang yo kap miltipliye sou nasyonal # 8 la, lakòz pwodui premyè nesesite yo monte tèt nèg nan depatman Nòdwès la.

99
0
Share:
TRiboLAND

11-30-23

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Popilasyon an nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan vil Pòdpè ak zòn ki antoure l yo kòmanse pa ka reziste ak pri pwodui premyè nesesite yo, ki prèske fin pèdi pye sou mache lokal la.

Yon gode diri ap vann 200 goud, yon gode mayi, 200 goud, yon gode pwa 275 goud, yon gode farin 175 gou, san konte divès lòt kalite pwodui tankou epis ki pa janm sispann kannale monte chak jou ki jou.

Poze kesyon pou konnen, kisa ki lakòz pwodui premyè nesesite yo pa sispann pèdi pye? Pou anpil moun se taks gwoup gang yo sou revandè yo ki lakòz, pri pwodui yo pa janm sispann yise monte.

Lajan ameriken ap resevwa gwo pataswèl, pwodui yo menm ap monte, se deklarasyon kèk sitwayen nan site Kapwa Lamò a, ki estime pa gen okenn fòmil ekonomik ni teyori ekonomik ki kapab bay, oubyen founi esplikasyon sou veritab fenomèn sa a kap vale teren an.

Nan sans sa a, majorite kote’w pase nan depatman Nòdwès la, se yon sèl chanson, yon sèl eslogan peyizan yo ap chante, kise ” nap resi mouri sou gouvènman Ariel Henry a”.

Share: