Yon mès Aksyon Degras chante nan legliz katedral Senlwi Wad Frans lan nan okazyon 220è lane egzistans drapo bikolò a.

05-18-2023
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Pou komemore 220è lane egzistans drapo nasyonal la, yon mès Aksyon Degras chante nan legliz katedral Senlwi Wad Frans lan jounen jedi 18 me 2023 a.
Yon seremoni kite te dewoule an prezans otorite sivil, militè e politik yo nan awondisman an. Reveran pè Roberson Pierre nan omeli sikonstans lan, mande elèv yo, pou youn gen respè pou lòt, respekte drapo a ki se idantite nou kòm pèp. Li rapouswiv pou li mande otorite yo pran tikal konsyans pou yo akonpli travay yo gen pou fè sou responsabilite yo.






