Direksyon jeneral PNH la, nan tèt kole ak direksyon depatmantal Polis branch Nòdwès la, efektye yon vizit yè mèkredi 29 novanm 2023 a nan Sou komisarya Zile Latòti a.

89
0
Share:
TRiboLAND

11-30-23

Zile Latòti, Ayiti__(TRiboLAND) Nan yon nòt ak yon videyo ke yo pataje ak laprès jounen jedi 30 novanm 2023 a, direksyon depatmantal Polis branch Nòdwès la, enfòme piblik la sou yon vizit founi je gade yo te fè nan Sou komisarya Zile Latòti a.

Nan sans sa, direktè depatmantal Polis branch Nòdwès la, Clevens Cetoute, ki tap pale fè konnen, direksyon jeneral PNH la rann vizit sila nan objektif pou mobilize ak motive ti ponyen polisye ki twouve yo sou Zile a, sou fenomèn ensekirite a, patikilyèman banditism lan.

Direktè a ki pat founi twòp detay sou dyagnostik ak pwojè yo ta dwe reyalize sou Zile a, tout fwa fè konnen, vizit yo a, sete yon vizit enspeksyon.

Share: