Lapopo voye al bwachat yon dizèn bandi e pwosede ak arestasyon yon latriye lòt nan Tibiwon

93
0
Share:
TRiboLAND

12 – 10 – 2023

Tibiwon, Ayiti______(TRiboLAND) Gwo zam chante nan moman te genyen gwo konfwontasyon ant lapolis ak yon latriye bandi byen bonè maten dimanch 10 desanm 2023 a, nan Tibiwon, depatman Sid peyi Dayiti.

Nouvèl yo fè eta de yon dizèn bandi sangwen ki arive tonbe nan boukantay kout zam ak lapopo nan moman yon operasyon tranble janm nan Tibiwon, ki te genyen nan tèt li Mèt Wadson Azor, komisè gouvènman Koto a.

Kèk sous lokal ta fè konnen ke genyen plis bandi ki ta tonbe, alòske yo ta jwen 5 fanm pami annafè yo ki ta tonbe. Anpil moun pat ezite pran lari pou manifeste kontantman yo, akoz yon parèy kout filè ki mete lajwa ak kontantman nan kè yo.

Share: