Aktivite late tranble nan depatman Sid peyi Dayiti

96
0
Share:
TRiboLAND

12 – 12 – 2023

Aktivite late tranble, kreye jounen lendi 11 desanm 2023 a, bonjan van panik nan plizyè komin nan depatman Sid peyi Dayiti.

Selon enfo yo, sekous lakilbit yo te plis layite nan vil Okay, ki te kreye yon panik tranble janm. Plizyè enstitisyon eskolè jwen sekous, alòske elèv yo ki te anba gwo chòk te oblije kouri kite espas apwantisaj yo, yon fason pou yo te mete yo an sekirite.

Depat man Grandans, patikilyèman nan Jeremi, te santi egalman yon tilawouli, ki pat dire twò lontan.

Nap raple, otorite yo pa anrejistre twòp gwo dega ke sa, nan penensil sid la.

Share: