nivèsite “Le Refuge” òganize plizyè jounen ratrapaj pou elèv Bak pèmanan yo nan komin Sen-Lwidinò.

109
0
Share:
TRiboLAND

Plis pase 80 jèn fanm ak jèn gason ki pral konpoze nan egzamen Bak pèmanan, deja resevwa 2 jounen ratrapaj gratis ti cheri, se travay inivèsite “Le Refuge” nan komin Sen-Lwidinò.

12 – 10 – 2023

Sen-Lwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Staff kap jere inivèsite “Le Refuge” ki parèt tou nèf nan komin Sen-Lwidinò a, ta sanble pa vin jwe sou teren an. Nan yon bat je yon inityativ benevola lanse pou akonpanye plis pase 80 jèn fanm ak jèn gason k ap netwaye pwent kreyon yo, pou al sibi egzamen Bak pèmanan deja pwente tèt yo, nan kad plizyè jounen ratrapaj staff inivèsite a lanse gratis ti cheri.

Jounen dimanch 10 desanm 2023 a, anviwon 80 nan jèn sa yo te reponn prezan nan lokal inivèsite a pou t al travay Filozifi, Fizik, Chimi, poun site sa yo sèlman.

Pa gen jou ankò, wè pa wè sòti 18 desanm pou rive 21 desanm elèv di yo deja pare pou al twoke kòn ak egzamen Bak pèmanan an.

Share: